top of page
Haiti_20220615_J9 Groups at HUM_mjeanty-00856.jpg

Kisa  Zanmi Lasante  Ye

Nou konbat enjistis nan fè swen sante aksesib a moun ki bezwen li pi plis.

Plis pase 30 ane depi n'ap sèvi sa ki pi frajil yo

Zanmi Lasante (ZL) te fonde nan kòmansman ane 1980 yo pou adrese bezwen sante sa yo nan kominote riral Kanj la. Depi lè sa a, enstitisyon an te vin grandi ak yon rezo 15 klinik ak lopital atravè Plato Santral ak Ba-Latibonit, de (2) nan rejyon ki pi defavorize e pi rekile nan peyi a.

​

Zanmi Lasante se pi gwo founisè swen sante an Ayiti, aprè gouvènman ayisyen an, e l'ap travay kole kole ak Ministè Sante Piblik ak Popilasyon, epi li sèvi yon popilasyon ki gen plis pase 1.3 milyon moun. Zanmi Lasante anplwaye prèske 7,000 moun, ki gen ladan 2,500 travayè sante kominotè, pou bay swen primè, swen sante manman ak timoun, sèvis VIH ak TB, ak swen segondè ak siperyè ki pi avanse.

​

Pandan l'ap etabli relasyon alontèm ak gouvènman an, Zanmi Lasante fè efò pou reyalize de (2) objektif jeneral:

  • Pote avantaj ki genyen nan syans medikal modèn bay moun ki pi bezwen yo;

  • Sèvi kòm yon antidòt kont dezespwa.

Fondatè Nou Yo

Pere lafontant_edited_edited.jpg

Pè  Fritz Lafontant

jim-yong-kim-headshot.jpeg

Jim Yong Kim

ophelia-dahl-headshot.jpeg

Ophelia Dahl

todd-mccormack-headshot.png

Todd McCormack

paul-farmer-headshot.png

Paul Farmer

crop-220x220-Tom_White_BW_Web_Portrait_0.jpeg

Tom White

Ekip Jesyon Nou An

bottom of page