top of page
Haiti_1116_BCMalnutrition-LouisFamily_CAvila_118 3.jpg

Vyolans ki baze sou sèks 

Nou konbat enjistis nan fè swen sante aksesib a moun ki bezwen li pi plis.

Amelyore sitiyasyon fanm ki afekte pa vyolans seksyèl

Vyolans ki baze sou sèks (GBV) kont tifi ak fanm an Ayiti se yon pwoblèm sante ak dwa moun grav. Aksè ak swen, sèvis sikolojik ak sante ak remèd legal limite akòz mank resous, volonte politik, ensekirite ekonomik, dezekilib ant sèks ak povrete toupatou. Rapò endike ke yon (1) fanm sou twa (3) an Ayiti, ki gen 15 a 49 an, fè eksperyans vyolans fizik ak / oswa seksyèl, e pou ti fi ki gen 13 a 17 an, anviwònman lekòl yo te dezyèm kote ki pi komen kote zak sa yo sa rive. Zanmi Lasante (ZL) ap fè efò pou angaje yon gwo rezo enstitisyonèl k ap bay sèvis epi amelyore sitiyasyon fanm ki afekte pa vyolans seksyèl nan Plato Santral ak nan depatman Latibonit.

 

Ekip Sante Fanm ZL la, k'ap travay kole kole ak ekip sipò sikososyal, Travayè Sante Kominotè (ASCP) yo ak edikatè kominotè yo, bay sèvis prevansyon, swen ak tretman pou viktim vyòl ak vyolans seksyèl. ZL opte pou yon apwòch kominotè solid, kote l'ap travay avèk fòs polis lokal yo, Ministè Fanm ak Dwa Fanm, direktè sante distri yo ak diferan gwoup fanm pou ogmante konsyantizasyon sou sèvis GBV ki disponib yo epi ofri soutyen sikolojik ak medikal ijan nan tout lopital ak sant sante ZL yo. Malgre ZL ap fè anpil gwo pwogrè nan bay tretman ak sipò pou viktim vyolans seksyèl, gen anpil ki dwe fèt e plis resous ki bezwen mobilize pou kòz sa a yo, pou dwa fanm a swen sante ki gen rapò ak GBV ak jistis sosyal ak legal ka reyalize.

Nan sa ki konsène pwoteksyon timoun, ZL sipòte yon rezo anviwon 10,000 timoun ki òfelen e vilnerab (EOV), ki gen ladan 800 timoun VIH-pozitif, atravè Plato Santral la ak Ba-Latibonit e ki benefisye de yon seri sèvis sipò, tankou alokasyon edikatif ak resous siko-sosyal. ZL bay asistans edikatif pou anviwon 2,500 EOV e li ede anviwon 8,500 timoun kolekte batistè, nan tèt kole ak Enstiti Byenèt Sosyal ak Rechèch (IBESR) an Ayiti.

bottom of page