top of page
Haiti_1116_BCMalnutrition-LouisFamily_CAvila_023.JPG
Search

Gouvènman ayisyen an komemore Jounen Mondyal Lasante epi onore Doktè Paul Farmer



Gouvènman ayisyen an atravè Ministè Sante Piblik komemore Jounen Mondyal Lasante, jedi 7 avril 2022 a, sou tèm : « Planèt nou, sante nou ».


Seremoni sila te dewoule devan Premye Minis la, Doktè Ariel Henry, Minis Sante a, Doktè Alex Larsen, Minis Anviwonman an, James Cadet, reprezantan OMS la an Ayiti, Doktè Maureen Birmingham, Kofondatris Sant GHESKIO yo, Marie Marcelle Deschamps, reprezantan Lasante-Partners in Health ak plizyè pèsonalite sosyete sivil ayisyèn nan.


MSPP atire atansyon kominote ayisyèn nan sou mezi l dwe pran an ijans pou l prezève sante tout moun ak planèt la epi ankouraje yon mouvman ki vize bati yon sosyete ki chita sou byennèt.


Ane sa, Jounen Mondyal Lasante a gen yon enpòtans patikilye pou Zanmi Lasante-Partners in Health, ki afekte pa lanmò kofondatè nou an ak chanpyon sante piblik ak jistis sosyal la, Doktè Paul Farmer.



Pou make pasaj gason vanyan sa, Premye Minis la, Ariel Henry, te rann li yon omaj epi bay madanm li Didi B. Farmer ak Loune Viaud, Vis-Chanselye Inivèsite Ekite nan Sante Global an Ayiti epi chèf Ekite Jan ak Jistis Sosyal nan OnePIH la yon plak donè.


Lanmò Doktè Paul Farmer se yon gwo pèt pou Ayisyen. Li te reve yon Ayiti miyò, pi ekitab kote menm moun ki pi pòv yo t ap kapab jwenn bon jan swen sante.

“Pandan prèske 40 lane, li te mennen yon lit san fay pou l te kapab bouste pratik sante ki makònen ak jistis sosyal, respè, konpasyon, diyite pou sa ki pi fèb yo. Polo te gen yon pasyon ak yon enèji san limit pou l reyalize vizyon l. Li te gen yon kapasite san parèy pou l jwenn moun pou anbrase vizyon l”, se sa madanm li Didi B. Farmer rakonte.


Madan Viaud ajoute : "Paul kite nou ak yon misyon. Li kite vizyon l pou nou. Polo te yon mari, yon papa, yon doktè, yon pwofesè, yon konseye, yon vizyonè, yon zanmi fidèl ki lwayal, yon pitit Ayiti. Polo te yon jeyan lasante.”


Premye minis la, bò kote pa l, salye ak fòs ak konviksyon memwa Doktè Paul Farmer. “Paul Framer se te yon gwo doktè, yon antwopològ ameriken. Yon filantwòp, zèv li atravè Partners in Health ak Zanmi Lasante, ap kontinye itil popilasyon ayisyèn nan. Ayiti tout antye ap rete rekonesan anvè potorik gason sa ki make plizyè jenerasyon fanm ak gason nan soyete a. Se ak anpil gratitid nou rann li omaj jodiya nan okazyon Jounen Mondyal lasante, yon omaj byen merite. Nou p ap janm bliye zèv li.”



bottom of page