top of page
Haiti_1116_BCMalnutrition-LouisFamily_CAvila_023.JPG
Search

Klinik mobil Zanmi Lasante yo pote swen sante bay moun k ap viv nan zòn ki pi elwanye nan peyi a

Updated: Nov 15, 2021

Clémania Virgile se yon fanm 71 lane, manman 5 pitit, machann manje kuit nan Pointe Sable, yon vilaj bò lanmè nan depatman Sid la. Se la l ap viv ak pitit li yo.


An fevriye 2015, li te fè yon operasyon nan kolòn vètebral li paske li te gen gwo doulè nan do. Depi l fin fè operasyon sila, lavi l pa janm menm jan ankò « Lè m kite lopital la, doktè yo te ban mwen yon wòkè pou m te ka mache, men m te toujou gen gwo doulè. M pa ka ret kanpe twòp sou janm mwen. Lè swa, mwen santi s on pakèt foumi k ap mache nan tout kò m, soti nan senti m pou rive nan janm mwen. M prèske pa ka sipote yo ankò.»



Anvan operasyon an, Clémania se te yon fanm djanm. Li te renmen travay, li te toujou renmen fè manje e li te gen chans fè l tounen metye l. « Sa pa toujou fasil pou yon moun tankou m ki renmen fè tout afè l poukont li », se sa Clémania eksplike. Olye m travay, m rete chita tout jounen san m p ap fè anyen. Olye m fè manje, m ap tann yo pot manje ban mwen, olye m fè ti pale ak kliyan m yo, m tounen yon senp espektatris, m ap gade pitit mwen yo k ap fè tout aktivite m yo nan plas mwen.


Lè li aprann klinik mobil Zanmi Lasante a rive nan vil Port-Salut a, ki twouve l a plizyè kilomèt vilaj li a, Clémania moute dèyè yon moto, li tanmen desann sou yon wout tè, jis li rive kote klinik mobil la ye a. Li rejwenn plizyè santèn moun ki t ap tann doktè yo rive ak pasyans. Premye pitit gason l la te akonpanye l ak yon beki pou l te kapab wè doktè Michel Edouard, ki te preskri l medikaman pou doulè li gen nan janm li yo ak lòt medikaman pou trete dyabèt li a ak pwoblèm tansyon l lan.



« Yon ti kras tan aprè l fin pran medikaman yo, Clémania rakonte, m santi m transfòme, ou ka santi m egzajere, men depi 6 lane, se premye fwa m santi m rejwenn lavi m t ap mennen anvan an. M p ap bay tèt mwen manti, m konnen doulè yo ap tounen ankò, men gras ak doktè klinik mobil sa yo ki byen janti, m gen ase medikaman pou m batay kont doulè. Anplis de sa, swen medikal ak medikaman yo gratis ti cheri. Èske m ka mande plis ?


Chak semèn, klinik mobil la ak ekip medikal Zanmi Lasante yo bat plizyè santèn kilomèt pou y ale plizyè kote, sitou lokalite ki sibi konsekans tranblemanntè a ak tanpèt twopikal Grâce la, ak lòt zòn kote okenn sèvis sante pa t janm egziste. Yo bay jiska 300 moun pa jou premye swen ak swen ijans. Ekip la gen ladann doktè, enfimyè, sikològ ak asistan medikal. Ekip klinik la òganize plizyè espas pou pasyan yo ka pase nan diferan sèvis yo, triyaj, tab evaliyasyon, famasi ak trètman. Yo bay tout kalite swen, soti nan moun ki blese nan tranblemanntè a rive nan fanm ansent, paske li pa toujou fasil pou anpil pasyan jwenn sèvis sante oubyen ale nan sant sante ki nan lokalite yo a, paske li kraze nan tranblemanntè a.


Pou anpil moun, tankou Clémania Virgile, klinik mobil Zanmi Lasante yo se sèl mwayen pou yo jwenn swen sante.


bottom of page