top of page
Haiti_1116_BCMalnutrition-LouisFamily_CAvila_023.JPG
Search

Saj Fanm yo endispasab nan Sistèm Sante Ayisyen an



Saj Fanm yo jwe yon wòl enpòtan bòkote fanm pandan akouchman. Yo resevwa fòmasyon ki met aksan sou nesans natirèl e yo bay yon seri sèvis ki ka rive sove lavi manman ak ti bebe yo.


Prezans yon Saj Fanm ka fè diferans ant lavi ak lanmò pou yon manman ak ti bebe li pandan yon akouchman. Yon Saj Fanm ki gen konfyans, konpetans ak konpasyon bay yon manman pouvwa epi ankourajman pou li akeyi pitit li san danje nan monn lan.



Anpil rechèch montre ke fanm ki gen aksè a yon Saj Fanm fè eksperyans mwens akouchman anvan tèm, mwens entèvansyon pandan travay ak sejou lopital ki pi kout.

Kidonk jodi a, Jounen Entènasyonal Saj Fanm yo, ann rekonèt kokenn chenn travay yo reyalize e ann mande dirijan nou yo pou yo envesti nan potansyèl yo.

bottom of page